bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
Plan International

Asistan Cash ak Voucher (CVA)

Plan International

location_on Latibonit work Tan plen
check_circle Aktif
Salè
663 USD
Pibliye
29 May 2026
9
Dat limit
06 Jun
Deskripsyon travay laAsistan Cash ak Voucher la ap ede nan aplikasyon aktivite asistans monetè ak bon (CVA) sou teren. Li gen pou l kontribye nan idantifikasyon benefisyè yo, distribisyon lajan oswa bon, mobilizasyon kom...

description Deskripsyon Travay la

Deskripsyon travay la
Asistan Cash ak Voucher la ap ede nan aplikasyon aktivite asistans monetè ak bon (CVA) sou teren. Li gen pou l kontribye nan idantifikasyon benefisyè yo, distribisyon lajan oswa bon, mobilizasyon kominotè, epi swiv aktivite yo pandan l ap respekte estanda Plan International sou kalite, responsablite, pwoteksyon timoun ak egalite sèks.
⚙️ Responsablite prensipal yo
💰 1. Aplikasyon aktivite Cash & Voucher (CVA)
  •  Ede mobilize kominote a pou fasilite aksè benefisyè yo 
  •  Patisipe nan idantifikasyon, enskripsyon ak verifikasyon benefisyè yo 
  •  Ede mete an plas komite kominotè pou seleksyon benefisyè yo 
  •  Ede òganize distribisyon yo (lajan, e-voucher, cash) 
  •  Swiv satisfaksyon ak itilizasyon benefisyè yo 
  •  Rapòte nenpòt pwoblèm nan egzekisyon aktivite yo 
  •  Kenbe dosye ak enskripsyon aktivite yo 
  •  Prepare rapò regilye sou travay yo 
🤝 2. Angajman kominotè & kowòdinasyon
  •  Kenbe bon relasyon ak otorite lokal ak lidè kominotè 
  •  Ankouraje patisipasyon fanm, tifi ak moun vilnerab 
  •  Sipòte mekanis plent ak responsablite (AAP) 
  •  Patisipe nan reyinyon lokal yo si sa nesesè 
📊 3. Siveyans, Evalyasyon & Aprantisaj (MEAL)
  •  Ede kolekte done (baseline, sondaj, elatriye) 
  •  Sipòte ekip MEAL nan evalyasyon yo 
  •  Asire bon jan kalite done yo 
  •  Kontribye nan pataje eksperyans ak leson yo 
🛡️ 4. Pwoteksyon timoun
  •  Respekte politik Plan International sou pwoteksyon timoun 
  •  Asire aktivite yo an sekirite pou timoun yo 
  •  Rapòte nenpòt ka abi oswa sispèk 
  •  Sansibilize patnè yo sou pwoteksyon 
♀️ 5. Sèks & enklizyon sosyal
  •  Ankouraje egalite sèks nan tout aktivite yo 
  •  Asire patisipasyon fanm ak tifi (omwen 65% si aplikab) 
  •  Kolekte done separe selon sèks ak laj 
  •  Rapòte ka vyolans oswa arasman 
📋 6. Konfòmite & responsablite òganizasyon
  •  Respekte règleman Plan International ak donatè yo 
  •  Patisipe nan reyinyon ak fòmasyon 
  •  Fè lòt travay sipèvizè bay 
🎓 Kalifikasyon & eksperyans
📚 Fòmasyon
  •  Diplòm nan travay sosyal, devlopman kominotè, ekonomi, jesyon, informatique, dwa oswa lòt domèn ki gen rapò 
💼 Eksperyans
  •  Eksperyans nan yon pòs menm jan 
  •  Eksperyans nan Cash Transfer / CVA se yon avantaj 
  •  Travay ak ONG se yon plis 
🧠 Konpetans
  •  Bon kapasite animasyon kominotè 
  •  Konnen metòd patisipatif 
  •  Kapab travay ak moun vilnerab 
  •  Bon kominikasyon ak jesyon konfli 
  •  Bon franse + kreyòl (obligatwa) 
  •  Anglè oswa espanyòl se yon avantaj 
  •  Konnen Word, Excel, entènèt

    NB: Aplikasyon fèt dirèk sou platfòm Plan International
    https://jobs.plan-international.org