bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
MSPP/Unité de Coordination des Maladies Infectieuses et Transmissibles

Enfimyè Prevansyon VIH

MSPP/Unité de Coordination des Maladies Infectieuses et Transmissibles

location_on Sid work Kontra
check_circle Aktif
Salè
Negosyab
Pibliye
29 May 2026
1
Dat limit
05 Jun
Nan kad batay kont epidemi VIH/SIDA a, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ap aplike nouvo estrateji prevansyon pou diminye nouvo enfeksyon VIH yo.Pwogram Nasyonal kont IST/VIH/SIDA (PNLS) ap rekrite kat (4) enfimy...

description Deskripsyon Travay la


Nan kad batay kont epidemi VIH/SIDA a, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ap aplike nouvo estrateji prevansyon pou diminye nouvo enfeksyon VIH yo.
Pwogram Nasyonal kont IST/VIH/SIDA (PNLS) ap rekrite kat (4) enfimyè ki gen eksperyans pou sipèvize ak aplike aktivite prevansyon VIH yo, espesyalman itilizasyon PrEP injectable Lenacapavir.
Gen:
  •  2 pòs nan Pòtoprens 
  •  1 pòs nan Cap-Haïtien 
  •  1 pòs nan Les Cayes 
🎯 Objektif jeneral
Asire jesyon teknik ak operasyonèl sèvis prevansyon VIH yo sou sit travay la, espesyalman administrasyon ak siveyans PrEP injectable Lenacapavir.

Prevansyon ak sansibilizasyon VIH
  •  Anime sesyon enfòmasyon ak sansibilizasyon 
  •  Pwomote: 
    •  Kapòt gason ak fanm 
    •  Oto-depistaj 
    •  PEP 
    •  PrEP oral 
    •  PrEP injectable Lenacapavir 
  •  Fòme ajan sante kominotè ak edikatè parèy yo 
Sipèvizyon sèvis prevansyon yo
  •  Asire disponiblite materyèl prevansyon yo 
  •  Sipèvize depistaj VIH 
  •  Swiv pasyan sou PrEP oral 
  •  Verifye endikatè pwogram prevansyon yo 
Administrasyon Lenacapavir (travay priyoritè)
  •  Evalye kritè elijiblite pasyan yo 
  •  Fè piki Lenacapavir selon pwotokòl la 
  •  Swiv efè segondè yo 
  •  Detekte nouvo enfeksyon VIH 
  •  Kenbe rejis ak rapò stock pwodwi yo 
Jesyon ak kowòdinasyon
  •  Sipèvize ekip enfimyè ak konseye prevansyon yo 
  •  Òganize randevou kliyan yo 
  •  Patisipe nan reyinyon VIH yo 
  •  Prepare rapò chak mwa ak chak trimès 
  •  Fòme pèsonèl sou itilizasyon Lenacapavir ak jesyon dechè medikal yo 
  •  Patisipe nan evalyasyon ak sipèvizyon MSPP ak patnè yo 
 Kalifikasyon obligatwa
  •  Diplòm enfimyè (minimum BAC+3) 
  •  Pèmi pou egzèse sou teritwa Ayiti 
  •  Fòmasyon sou VIH ak maladi enfektyez 
 Eksperyans
  •  Omwen 10 ane eksperyans nan sèvis VIH
     OU 
  •  Omwen 5 ane nan prevansyon VIH 
Atou:
  •  Eksperyans nan administrasyon PrEP 
  •  Eksperyans nan sipèvizyon ekip 
 Konpetans teknik
  •  Teknik piki sou-koutane 
  •  Konesans pwotokòl PrEP ak Lenacapavir 
  •  Jesyon stock pwodwi sansib 
  •  Excel, DHIS2 ak zouti rapò 
 Kalite pèsonèl
  •  Rigè
  •  Diskresyon 
  •  Bon kominikasyon 
  •  Kapasite travay an ekip 
 Kondisyon travay
  •  Travay nan enstitisyon sante 
  •  Deplasman okazyonèl sou teren 
  •  Sipèvizyon anba doktè kowòdonatè VIH 
  •  Fòmasyon espesyal sou Lenacapavir ap disponib 
Kijan pou aplike
Nan sijè email la mete:
“Candidature au Poste d’Infirmière de Prévention”
epi presize vil ou enterese a.
Dokiman pou voye
  •  CV 
  •  Lèt motivasyon 
  •  Diplòm ak sètifika