bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
| Expertise France

Asistan Direksyon

| Expertise France

location_on Lwès work Kontra
check_circle Aktif
Salè
Negosyab
Pibliye
16 May 2026
32
Dat limit
15 Jun
Expertise France, se yon ajans piblik franse ki espesyalize nan koperasyon teknik entènasyonal, ap devlope aktivite li yo an Ayiti epi ap ranfòse prezans li nan Kap-Ayisyen.Nan yon kontèks sekirite ki konplike, Direksyon...

description Deskripsyon Travay la

Expertise France, se yon ajans piblik franse ki espesyalize nan koperasyon teknik entènasyonal, ap devlope aktivite li yo an Ayiti epi ap ranfòse prezans li nan Kap-Ayisyen.
Nan yon kontèks sekirite ki konplike, Direksyon Peyi a (ki pral reprezante tou AFD apati jiyè 2026) jere anviwon dis (10) pwojè nan domèn gouvènans, sante, edikasyon, pwoteksyon sivil ak devlopman riral.
Konpayi an ap chèche yon Asistan(e) Direksyon pou sipòte Direktè Peyi a ak ekip jesyon an nan travay chak jou yo.
Kalifikasyon ki nesesè
  • 1. Diplòm inivèsite nivo BAK+2 rive BaK+4 nan asistan direksyon, sekretarya oswa jesyon administratif. 
  • 2. Omwen 5 an eksperyans nan pòs asistan direksyon 
  • 3. Eksperyans nan ekip direksyon (plizyè moun) se yon avantaj 
  • 4. Eksperyans nan òganizasyon entènasyonal / milti-bayè se yon gwo avantaj 
  • 5. Bon metriz Microsoft Office (Word, Excel, PowerPoint, Outlook) 
  • 6. Bon kapasite ekri ak rezime 
  • 7. Bon òganizasyon, priyorite ak diskresyon 
  •  8.Kapasite pou jere plizyè travay an menm tan 
  • 9. Rigè, fyabilite, rapidite ak espri inisyativ 
Fonksyon prensipal
  •  1.Jere ajanda Direktè Peyi a 
  • 2. Òganize reyinyon (envitasyon, ajanda, rezèvasyon) 
  • 3. Ekri epi distribye rapò reyinyon 
  • 4. Prepare dosye reyinyon (komite, revizyon pwojè, elatriye) 
  •  5.Jere kourye ak dokiman administratif 
  • 6. Planifye misyon (vòl, otèl, lojistik) 
  • 7. Prepare ak swiv dosye misyon 
  • 8. Kowòdone atelye, vizit ak evènman 
  •  9.Ekri lèt, not, prezantasyon 
  •  10.Jere lis kontak patnè yo 
  •  11.Asire achiv ak konfidansyalite dokiman 
  •  12.Jwe wòl premye kontak ak patnè yo 
  •  13.Jere materyèl biwo (stok, kòmand, distribisyon) 
  • 14. Sipòte fonksyònman jeneral biwo a 
Konpetans
  •  Microsoft Office 
  •  Lang: Fransè obligatwa
📧 Lye pou voye CV la se:
👉 pa imèl sa a: info@isteah.ht


⚠️ Enpòtan:
Lè w ap voye CV la, mete nan sijè imèl la:
👉 ISTEAH-OE2026-007