bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
Sante Mwen Dwa Mwen

Sekretè – Lojistik

Sante Mwen Dwa Mwen

location_on work Tan plen
schedule Ekspire
Salè
Negosyab
Pibliye
05 Apr 2026
38
Dat limit
15 Apr
Inite Sante Entènasyonal Inivèsite Monreyal (USI), an konsòsiyòm ak patnè li yo : Sant Etid ak Koperasyon Entènasyonal (CECI) ak Avoka San Fwontyè Kanada (ASFC), ap aplike pwojè “Ma Santé, Mes Droits / Sante Mwen Dwa Mwe...

description Deskripsyon Travay la

Inite Sante Entènasyonal Inivèsite Monreyal (USI), an konsòsiyòm ak patnè li yo : Sant Etid ak Koperasyon Entènasyonal (CECI) ak Avoka San Fwontyè Kanada (ASFC), ap aplike pwojè “Ma Santé, Mes Droits / Sante Mwen Dwa Mwen / Mi Salud, Mis Derechos”, an kolaborasyon ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan depatman ak Nòdès Ayiti.
Pwojè a, ki finanse pa Affaires Mondiales Canada (AMC), pral dire 7 ane (2025–2032). Objektif li se ranfòse rezilyans, egalite ak sansiblite sou kestyon jan (genre) nan sistèm sante nasyonal yo an Ayiti, Kolonbi ak Gwatemala, pou garanti aksè ekitab, sekirize epi adapte kiltirèlman ak swen sante seksyèl ak repwodiktif (SSR), sitou pou fanm, adolesan ak moun vilnerab.
Pwojè a chita sou prensip :
  • Jistis sosyal
  • Dwa moun
  • Egalite sèks
  • Travay entè-sektoryèl
Li vize retire bariè estriktirèl tankou patriyach, povrete, vyolans ki baze sou sèks (VBG) ak eksklizyon sosyal ki limite aksè ak SSR.
An Ayiti, pwojè a gen 3 gwo aks :
  1. ranfòsman sèvis sante seksyèl ak repwodiktif (SDSR), sitou sèvis pou sivivan vyolans seksyèl ak planifikasyon familyal
  2. pwomosyon sante seksyèl ak repwodiktif
  3. pwomosyon dwa sante ak dwa seksyèl ak repwodiktif (DSSR)
Pou soutni aplikasyon ak swivi pwojè sa a, USI ap rekrite yon Sekretè–Lojistik, pou sipòte Kowòdonatè Nasyonal la ak Administratè Kontab la.
FONKSYON
Anba otorite kowòdonatè nasyonal la, Sekretè–Lojistik la ap travay kole kole ak administratè kontab la pou asire :
  • jesyon administratif koule dokiman ak apèl
  • kowòdinasyon ak transpòtè, founisè ak patnè
  • swivi operasyon lojistik (livrezon, resepsyon, estòk)
  • respè delè ak rapò regilye
  • aplikasyon strik manyèl jesyon administratif ak finansye pwojè a
Li pral travay sou tout aktivite nan Nò ak Nòdès.
1. Jesyon administratif ak lojistik
  • Jere ajanda deplasman otorite, ekspè ak konsiltan lokal ak entènasyonal
  • Prepare, verifye epi klase dokiman transpò
  • Jere sistèm klasman (papye ak dijital)
  • Fè envantè konsomab biwo (pwodui netwayaj, materyèl biwo, lank, elatriye)
  • Swiv antretyen machin biwo yo
  • Jere dokiman administratif lojistik
  • Kowòdone resepsyon, depo ak swivi estòk pwojè a
  • Sipòte aranjman espas travay
  • Swiv bon fonksyònman ekipman (òdinatè, imprimant, fotokopi)
  • Fè envantè ekipman enfòmatik
2. Kowòdinasyon ak swivi operasyonèl
  • Sèvi kòm pwen kontak ant founisè, transpòtè ak ekip pwojè a
  • Jere chanjman kle ak seri biwo yo si sa nesesè
  • Sipòte vizit teren patnè ak envite pwojè a
  • Swiv livrezon ak jere reta oswa litij
  • Sipèvize fanm k ap fè ménage ak gad sekirite
3. Fonksyon sekretarya
  • Jere sekretarya pwojè a an kolaborasyon ak ekip la
  • Akeyi vizitè
  • Sipòte òganizasyon reyinyon ekip pwojè a
  • Sipòte finalizasyon rapò ak lòt dokiman
  • Editer dokiman pwojè yo
  • Jere apèl telefòn, imèl ak mesaj
KALIFIKASYON REKIZE
  • Diplòm nan sekretarya, jesyon lojistik, chèn apwovizyònman oswa administrasyon biznis
  • Bon metriz Microsoft Office (Word, Excel, PowerPoint, Outlook)
  • Omwen 5 ane eksperyans nan lojistik teren oswa pòs menm jan
  • Bon kapasite òganizasyon ak jesyon plizyè travay an menm tan
  • Bon kapasite kominikasyon ak relasyon imen
  • Sans detay ak rezolisyon pwoblèm
  • Kapasite travay pou kont li ak an ekip
  • Bon jesyon tan, rigè ak reaktivite
  • Bon kapasite ekri ak pale kreyòl ak franse
  • Entegrite, onètete, inisyativ
KONDISYON ESPESYAL
  • A kapasite egal, moun ki soti nan Nò oswa k ap viv Kap-Ayisyen ap gen priyorite
  • Dosye enkonplè pap konsidere
  • Se sèlman kandida seleksyone pou entèvyou k ap kontakte
  • Konesans Entèlijans Atifisyèl (IA) se yon avantaj
DOSYE KANDIDATI
  • CV
  • Lèt motivasyon
  • Kopi diplòm
  • Kopi Kat Idantite Nasyonal (CIN)
KI JAN POU APLIKE
📧 Voye dosye w nan adrès imel sa a :
 smdmusi@gmail.com
📅 Dat limit : 15 avril 2026
⚠️ Se sèlman dosye voye sou adrès imel sa a k ap aksepte.