bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
ASOSYASYON KILTÌREL THAMANI

Ofisyè(yè) Tèren – Pwogram Edikatif, Klimatik ak Kominotè

ASOSYASYON KILTÌREL THAMANI

location_on Sidès work Kontra
schedule Ekspire
Salè
Negosyab
Pibliye
04 Apr 2026
17
Dat limit
10 Apr
Konsènan òganizasyon anAsosyasyon Kiltirèl Thamani (ACT) se yon òganizasyon ki angaje nan devlopman kominotè, inovasyon sosyal ak edikasyon, sitou atravè pwogram MakerLab, ClimateLab, KinderLab ak WozoLab. ACT travay ak...

description Deskripsyon Travay la

Konsènan òganizasyon an
Asosyasyon Kiltirèl Thamani (ACT) se yon òganizasyon ki angaje nan devlopman kominotè, inovasyon sosyal ak edikasyon, sitou atravè pwogram MakerLab, ClimateLab, KinderLab ak WozoLab.
ACT travay ak jèn yo, lekòl yo ak kominote yo pou ankouraje solisyon dirab, enklizif ak inovatè.

Deskripsyon pòs la
Nan kad pwogram li yo, espesyalman WozoLab (edikasyon klimatik) ak GamesLab for Peace (pwoteksyon timoun ak konsolidasyon lapè), ACT ap chèche rekrite yon Ofisyè(yè) Tèren ki pral responsab aplikasyon operasyonèl aktivite yo.
Pòs la konsantre sou :
  • Animasyon ak fasilitasyon atelye
  • Aktivite mobilizasyon kominotè
  • Kowòdinasyon sou tèren
  • Koleksyon done nan lekòl ak espas kominotè
  • Pwodiksyon kontni sansibilizasyon sou tèm entèvansyon yo

Responsablite prensipal yo
Ofisyè(yè) Tèren an ap gen pou misyon :
  • Fasilite atelye edikatif nan lekòl yo (klima, sitwayènte, pwoteksyon timoun, anviwònman)
  • Mete an aplikasyon aktivite pwogram MakerLab, ClimateLab ak KinderLab
  • Prepare epi òganize sesyon yo (lojistik, materyèl, sekirite)
  • Asire disiplin gwoup la ak yon anviwònman enklizif
  • Kolekte epi ranpli done swivi yo (prezans, fich, endikatè)
  • Pwodui dokiman siveyans (foto, videyo, rapò)
  • Patisipe nan aktivite kominotè ak pwojè agrikòl (jaden pepinyè, anviwònman)
  • Kontribye nan rapò ak redevabilite pwojè yo
  • Respekte estrikteman politik pwoteksyon ak sovgad timoun yo

Pwofil moun n ap chèche a
  • Nivo minimòm : Diplòm Lisans oswa ekivalan + eksperyans pratik ki sanble
  • Eksperyans nan animasyon, edikasyon, devlopman kominotè oswa anviwònman
  • Bon kapasite kominikasyon ak jesyon gwoup (timoun ak jèn)
  • Bon sans òganizasyon ak rigè nan swivi aktivite yo
  • Kapasite pou travay sou tèren nan diferan kontèks
  • Konpetans debaz nan koleksyon done ak rapò
  • Konesans nan anviwònman, klima oswa edikasyon (yon avantaj)
  • Kapasite pou itilize zouti dijital (Excel, Google, elatriye)

Kondisyon travay yo
  • Orè : Lendi rive vandredi (8:00 a 16:00), ak anpil fleksibilite
  • Posiblite pou travay nan wikenn (sou wotasyon selon aktivite kominotè yo)
  • Deplasman souvan sou sit entèvansyon yo
  • Sipèvizyon pa kowòdinasyon pwojè yo
Egzijans espesifik
  • Respè strik politik pwoteksyon timoun ak konduit pwofesyonèl
  • Obligasyon konfidansyalite sou done ak aktivite yo
  • Respè pwosedi entèn ak direktiv kowòdinasyon an
Candidature / Kijan pou aplike
Kandida ki enterese yo dwe voye :
  • CV
  • Lèt motivasyon
  • Egzanp rapò yo deja pwodui
📧 Voye dosye yo nan : info@associationculturellethamani.org
📅 Dat limit : 10 avril 2025
Nòt enpòtan
  • Se sèlman kandida preseleksyone yo k ap kontakte
  • Asosyasyon Kiltirèl Thamani ankouraje egalite chans
  • Kandida fi yo ankouraje anpil
👉 Vizite sit entènèt nou an :
 https://www.associationculturellethamaniact.org