bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
Fondasyon Kole Zepòl (Fonkoze)

Chèf Kontab

Fondasyon Kole Zepòl (Fonkoze)

location_on Lwès work Kontra
schedule Ekspire
Salè
Negosyab
Pibliye
14 Mar 2026
58
Dat limit
19 Mar
Fondasyon Fonkoze se yon enstitisyon ayisyèn san bi likratif, ki te fonde an 1994 pa Pè Joseph Philippe ansanm ak yon gwoup òganizasyon de baz. Fondasyon an rekonèt kòm enstitisyon itilite piblik depi 2005.Misyon Fondasy...

description Deskripsyon Travay la

Fondasyon Fonkoze se yon enstitisyon ayisyèn san bi likratif, ki te fonde an 1994 pa Pè Joseph Philippe ansanm ak yon gwoup òganizasyon de baz. Fondasyon an rekonèt kòm enstitisyon itilite piblik depi 2005.
Misyon Fondasyon Fonkoze se travay ak manm li yo ansanm ak tout moun ki vle kolabore pou pèmèt yo gen aksè ak sèvis finansye ak akonpayman yo bezwen, pou yo ka kreye plis richès pou fanmi yo ak pou kominote yo.
Fonksyon
Wòl ak Responsabilite
Sou sipèvizyon Direktè Finansye a, Chèf Kontab la responsab pou:
  • Sipèvizyon jeneral fonksyon kontablite a
  • Validasyon final eta finansye yo ak rapò pou donatè yo
  • Kontwòl entèn
  • Jesyon ekip kontablite a

Sipèvizyon Travay Kontablite
  • Sipèvize tout sik kontablite a (AP, AR, GL, Payroll).
  • Valide epi poste batch AP/AR/GL yo.
  • Valide rapwòchman bankè chak mwa.
  • Sipèvize jesyon avans ak subgrantees.
  • Kreye kont yo epi asire entegrite plan kontab SAGE la.
  • Asire respè manyèl finansye a ak egzijans donatè yo.

Rapò ak Konfòmite
  • Prepare epi valide eta finansye fondasyon an chak mwa ak chak ane.
  • Valide rapò finansye ki soumèt bay donatè yo.
  • Jere cash-flow epi analize bezwen lajan likid.
  • Sipèvize revni difere ak kontribisyon k ap tann yo.
  • Kowòdone odit pwojè yo ak odit enstitisyonèl la.
  • Mete ajou quitus ak lòt dokiman legal Fondasyon an.
  • Asire bon fonksyònman odit pwojè ak odit enstitisyonèl yo.
Jesyon Bidjè ak Analiz
  • Analize diferans bidjè pa pwojè.
  • Pwodui rapò konparatif bidjè yo.
  • Patisipe nan reyinyon revizyon finansye ak ekip pwogram yo.

Jesyon Ekip
  • Sipèvize Asistan Chèf Kontab la ak kontab yo.
  • Fè evalyasyon anyèl pèsonèl la.
  • Planifye fòmasyon epi òganize travay ekip la.
Relasyon ak Donatè ak Patnè
  • Asire kominikasyon finansye ak donatè yo.
  • Sipòte direktè pwogram yo nan swivi bidjè yo.

Lòt Travay
  • Devlope epi mentni bon relasyon ak tout depatman ak pwogram Fonkoze yo, ansanm ak direktè branch SFF yo.
  • Travay kole kole ak ekip pwojè yo pou fòmasyon sou pwosedi administratif ak finansye.
  • Egzekite tout lòt travay ki gen rapò ak kontablite, kontwòl entèn, jesyon finansye ak konfòmite regilasyon, selon bezwen òganizasyon an ak sou demann Direktè Finansye a oswa Direksyon Jeneral la.

Kalifikasyon
  1. Lisans inivèsitè nan kontablite, jesyon oswa domèn ki gen rapò.
  2. Omwen 5 ane eksperyans pwofesyonèl enpòtan nan kontablite/finans oswa nan yon pòs menm jan an.
  3. Trè bon metrize zouti enfòmatik yo: Sage 300 (ACCPAC), Word, Excel.
  4. Bon konesans Kòd Travay Ayisyen an.
  5. Fleksib, ak kapasite pou travay pou kont li.
  6. Bon kapasite kominikasyon ak aptitid pou ekri rapò an franse, kreyòl ak anglè.
  7. Disipline epi enteg.
  8. Sans konfidansyalite.
  9. Entèlijans emosyonèl.
  10. Kapasite pou travay anba presyon.
  11. Sans lidèchip.
  12. Gwo kapasite pou detekte erè kontab.
Dosye Kandida a dwe genyen
  • Yon CV
  • Yon kopi sètifika ak atestasyon travay (se yon avantaj)
  • Yon lèt motivasyon
  • 2 referans pwofesyonèl
Kontak
Etap pou aplike
  1. Ranpli fòmilè sa a:
     👉 https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLScymlp0_C9r7M1xL48ystPGjHZruhns5mecZVKI88NUSjI3oA/viewform
  2. Apre sa, voye dosye w la nan imel sa a:
     📧 rekritman@fonkoze.org
Remak
📅 Dat limit pou soumèt kandidati yo: 19 Mas 2026 a 11:30 PM
📌 Nòt: Nou ankouraje anpil kandidati fanm ak moun ki gen andikap.